Fanm ak
timoun fè 2/3 travay lemonn, men se 5% lajan sèlman yo genyen. |
| Ann fè lemonn rete pou n chanje l! Patisipe nan
GRÈV MONDYAL FANM LA 8 mas 2000 Pou yon milènè ki wè travay tout fanm ak lavi tout fanm kòm bagay ki vreman enpòtan. |
|
Anpil fanm peyi Iland deside fè lagrèv epi anpil fanm patou sou latè reponn yo ak vwa
fò. Tandike lemonn depanse 700 miya dola pou operasyon militè chak ane, mwens pase 20 miya dola ale pou ede peye bagay fondamantal lasosyete (tankou aksè dlo pwòp, lasante, enstalasyon lasante ak edikasyon)! Lè ou fè konparizon sak rich yo genyen ak sak pov yo genyen, sa parèt yon estatistik byen lèd, epi l ap kontinye pire. Si ou mete richès twa fanmi lemonn yo ki pi rich, ou tap soti ak plis kòb pase sak 600 milyon moun ki rete nan peyi pi pov genyen. 1/3 nan pèp la depann sou resous bwa. Se fanm ak timoun ki ranmase bwa yo konn itilize kòm materyo pou dife. Nan kontinan Lafrik, se fanm ak tifi ki kiltive 80% manje yo manje la a. Nan kontinan Azi yon pakèt fanm ak tifi fè plis pase senkèd tan ap ranmase bwa. Nan Ameriklatin epi nan Karayib toulede, 25% nan popilasyon an e pafwa 90% moun endijèn (ki te la avan kolonizasyon) pa gen dlo pwòp. Nan peyi ki devlope, fanm yo ki travaye legalman pa touche menm 50% sak gason yo touche. Kontribisyon travay fanm ki fèt nan move kondisyon rive omwen 11 trilyon (11,000,000,000,000) dola. Lasosyete epitou menm mache mondyal la patap fonksyonne konsa san travay sa a nan kay la, nan chan yo, nan komès lafanmi, nan kote anbachal, nan katye, epi nan lavil yo ak bouk yo. Fanm yo konn travaye plis ni nan djòb tradisyonnèl ni nan djòb ki pa tradisyonnèl. Menmsi fanm yo gen yon karyè lavi, y ap toujou vin anfas ak konfli. Olyede pranswen timoun yo, yo gen pou al travaye toutan. Epitou fòk yo pa kwaze kont dominans òm yo tou nan anpil ka. Mesè, nou byen merite pa travaye jouska douvanjou konsa epitou fòk toulemonn rekonèt kokenn kontribisyon ke nou fè. Gen yon pakèt jan nou kapab rive genyen lajan nou merite a. |
Kèk jan nou ka chanje sistèm nan pou fanm yo ki dwe gen lajan
ka vin pran li atò:
Pase mesaj sa a bay tout fanmi ou ak tou zanmi, òganizasyon, sendika, ak gwoup ou konnen. Fè tèt nou prèt, epi sèvi ak telefòn, E-mel, telekopi, tousa pou fè moun konnen epi kenbe kontak avèk nou. Voye ban nou rezon pou patisipe nan grèv la, di nou sa ou pral fè epitou ban nou adrès moun ki rete menm kote avè ou. |